Administrasyon pou malad Gade tou nan Geri, gerizon; Lwil; Men, Enpozisyon; Prètriz; Wen Yon benediksyon gason ki gen Prètriz Mèlkisedèk yo bay moun ki malad, akonpaye ak itilizasyon lwil konsakre. Poze men w sou li, Mat. 9:18. Jezi te poze men l sou kèk moun malad epi li geri yo, Mak 6:5. Apot Kris yo te wen anpil moun malad ak lwil epi yo te geri yo, Mak 6:13. Ansyen yo dwe wen epi geri malad yo, Jak 5:14–15. Ou pa dwe geri malad yo san moun ki vle yo pa mande w, D&A 24:13–14. Ansyen yo dwe poze men yo sou malad yo, D&A 42:44. Poze men w sou malad yo epi y ap geri, D&A 66:9.