Konfyans Gade tou nan Konfyans, konfye; Kwayans, kwè; Lafwa Lè yon moun genyen yon asirans, kwayans, konfyans, oubyen lafwa nan yon bagay, espesyalman nan Bondye ak nan Jezikri. Li pi bon pou moun konfye nan Senyè a tan pou yo konfye yo nan lèzòm, Sòm 118:8. Mete konfyans ou nan Senyè a, Pwov. 3:26. Lè Kris la parèt, n ap gen konfyans, 1 Jn. 2:28. Nefit mechan yo te pèdi konfyans pitit yo, Jakòb 2:35. Epi apre sa, konfyans ou pral grandi nan prezans Bondye, D&A 121:45.