Kam Gade tou nan Noye, patriyach biblik Nan Ansyen Testaman an, twazyèm pitit gason Noye a (Jen. 5:32; 6:10; Moyiz 8:12, 27). Noye, pitit gason li yo, ak fanmi yo te antre nan bato a, Jen. 7:13. Kanaran, pitit gason Kam nan te modi, Jen. 9:18–25. Gouvènman Kam nan te patriyakal epi li te resevwa benediksyon konsènan bagay materyèl ak sajès men li pa t gen prètriz la, Abr. 1:21–27. Madanm Kam te yon desandan Kayen, epi pitit fi li a, Ejiptis te tabli nan Ejip, Abr. 1:23, 25 (Sòm 105:23; 106:21–22).