Kwayans, kwè Gade tou nan Enkredilite; Jezikri; Konfyans, konfye; Lafwa Gen lafwa nan yon moun oubyen aksepte yon bagay kòm verite. Yon moun dwe repanti epi kwè nan Jezikri pou l kapab sove nan wayòm Bondye a (D&A 20:29). Kwè nan Senyè Bondye w la; kwè nan pwofèt li yo, 2 Kwo. 20:20. Anyen pa t rive Danyèl nan kaj lyon an paske li te kwè nan Bondye, Dan. 6:23. Jan w kwè a, se konsa w ap resevwa, Mat. 8:13. Nenpòt sa w mande nan priyè, si w kwè, w ap resevwa l, Mat. 21:22. Pa pè, sèlman kwè, Mak 5:36. Tout bagay posib pou moun ki kwè, Mak 9:23–24. Moun ki kwè epi ki batize ap sove, Mak 16:16 (2 Ne. 2:9; 3 Ne. 11:33–35). Moun ki kwè nan Pitit Gason an ap gen lavi etènèl, Jan 3:16, 18, 36 (Jan 5:24; D&A 10:50). Nou kwè epi nou si w se Kris la, Jan 6:69. Moun ki kwè nan mwen, menm si li ta mouri, l ap viv, Jan 11:25–26. Nou menm, moun ki kwè yo, nou antre nan repo li a, Ebre 4:3. Kwè nan Jezikri, epi renmen youn lòt, 1 Jn. 3:23. Mesi a p ap detwi pèsonn ki kwè nan li, 2 Ne. 6:14. Juif yo ap sibi pèsekisyon jistan yo kwè nan Kris, 2 Ne. 25:16. Si w kwè bagay sa yo, pratike yo, Mozya 4:10. Pitit Gason an ap pran transgresyon moun ki kwè nan non l yo sou tèt pa l, Alma 11:40. Moun ki kwè nan pawòl Bondye san yo pa fòse l, l ap beni, Alma 32:16. Si sèlman ou kapab anvi kwè, kite anvi sa a travay nan ou, Alma 32:27. Si w kwè nan non Kris la, w ap repanti, Ela. 14:13. Moun ki kwè nan Kris, yo kwè nan Papa a tou, 3 Ne. 11:35. Pa janm te gen moun ki kwè nan Senyè a menm jan avèk frè Jarèd la, Etè 3:15. Tout bagay ki pèsyade moun kwè nan Kris se pouvwa Kris ki voye l, Mowo. 7:16–17. Moun ki kwè nan pawòl Senyè a y ap resevwa yon manifestasyon Lespri a, D&A 5:16. Moun ki kwè nan non Senyè a ap vin tounen pitit gason Bondye, D&A 11:30 (Jan 1:12). Kèk moun gen don pou yo kwè nan pawòl lòt moun, D&A 46:14. Siy ap suiv moun ki kwè, D&A 58:64 (D&A 63:7–12). Moun ki kwè, ki repanti, epi ki batize y ap resevwa Sentespri a, Moyiz 6:52.