Kapasite pou yon moun fè yon bagay. Gen pouvwa sou yon moun oubyen yon bagay se kapasite pou kontwole oubyen kòmande moun sa a oubyen bagay sa a. Nan ekriti yo, pouvwa konekte souvan avèk pouvwa Bondye oubyen pouvwa syèl la. Li souvan asosye anpil avèk otorite prètriz, ki se pèmisyon oubyen dwa pou yon moun aji pou Bondye.
Se pou rezon sa m te leve w, pou m montre pouvwa m nan ou, Egz. 9:16 .
Bondye se fòs mwen ak pouvwa m, 2 Sam. 22:33 .
Pa evite byen lè w gen mwayen pou w fè l, Pwov. 3:27 .
Reyèlman m plen pouvwa poutèt lespri Senyè a, Miche 3:8 .
M te resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a, Mat. 28:18 .
Yo te etone devan doktrin li a: paske pawòl li yo te gen pouvwa, Lik 4:32 .
Rete nan vil la jistan pouvwa syèl la kouvri w, Lik 24:49 .
Tout moun ki resevwa l, li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, Jan 1:12 (D&A 11:30 ).
Ou pral resevwa pouvwa, apre Sentespri a vin sou ou, Tra. 1:8 .
Pa gen lòt pouvwa pase pa Bondye a, Wom. 13:1 .
Se pouvwa Bondye a avèk lafwa ki kenbe w nan sali, 1 Pyè 1:3–5 .
byenke yon nonm kapab gen pouvwa pou l akonpli gran zèv, si l fè lwanj pou tèt pa l, li dwe tonbe, D&A 3:4 .
Chak moun gen pouvwa pou fè byen an nan limenm, D&A 58:27–28 .
Nan òdonans Prètriz Mèlkisedèk la, pouvwa sentete a manifeste, D&A 84:19–22 .
Dwa prètriz la byen konekte nan pouvwa syèl la, D&A 121:34–46 .