Sen (non) Gade tou nan Kretyen yo; Legliz Jezikri; Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo Yon manm fidèl nan Legliz Jezikri a. Rasanble Sen m yo ansanm pou mwen, Sòm 50:5. Sayil te fè Sen yo anpil mechanste nan Jerizalèm, Tra. 9:1–21. Pyè te desann tou, kote Sen yo ki te abite nan Lida, Tra. 9:32. Gras ak lapè pou tout moun nan Wòm, ki gen apèl pou yo vin Sen, Wom. 1:7. Ou se konsitwayen avèk Sen yo, Efe. 2:19–21. M te wè legliz Ti Mouton an, ki te Sen Bondye, 1 Ne. 14:12. Lòm natirèl se ènmi Bondye si li pa vin tounen yon sen akoz ekspyasyon Kris la, Mozya 3:19. Mwenmenm Senyè a, m te beni peyi a pou sèvi Sen m yo, D&A 61:17. Satan fè lagè avèk Sen bondye yo, D&A 76:28–29. Travay avèk dilijans pou prepare Sen yo pou jijman ki pral vini an, D&A 88:84–85. Sen yo ta dwe bay pòv yo ak moun aflije yo nan byen yo, D&A 105:3. Ofis sa yo te tabli pou travay ministè a ak pèfeksyonman Sen mwen yo, D&A 124:143 (Efe. 4:12).