Evèk Prezidan Yon Otorite Jeneral nan Legliz la. Li gen responsablite jeneral sou byennèt tanporèl Legliz la (D&A 107:68). Evèk Prezidan ak konseye l yo, ki se Otorite Jeneral tou, yo prezide Prètriz Aawon nan Legliz la (D&A 68:16–17; 107:76, 87–88). Edward Partridge dwe resevwa òdonans kòm yon evèk, D&A 41:9. Premye Prezidans la dwe aple epi mete evèk yo apa, D&A 68:14–15. Desandan literal Aawon ki premye ne yo gen dwa pou yo prezide si Premye Prezidans la aple yo, mete yo apa epi òdone yo, D&A 68:16, 18–20. Se sèl Premye Prezidans la ki kapab jije yo, D&A 68:22–24 (D&A 107:82).