Lanmou, reverans, sèvis epi devosyon pou Bondye (D&A 20:19 ). Adorasyon gen ladan l priyè, jèn, sèvis nan legliz, patisipasyon nan òdonans levanjil la, epi lòt pratik ki montre devosyon ak lanmou pou Bondye.
Adore l avèk tout pouvwa w, panse w, epi fòs ou, 2 Ne. 25:29 .
Yo te kwè nan Kris la epi yo te adore Papa a nan non l, Jakòb 4:5 .
Zenòs te fè konnen lèzòm dwe priye epi adore tout kote, Alma 33:3–11 .
Adore Bondye nan nenpòt kote ou ye, nan lespri epi nan verite, Alma 34:38 .
Pèp la te tonbe nan pye Jezi epi yo te adore l, 3 Ne. 11:17 .
Tout moun dwe repanti, kwè nan Jezikri, epi adore Papa a nan non l, D&A 20:29 .
m ba w pawòl sa yo pou w kapab konprann epi pou w kapab konnen kòman pou w adore, epi pou w konnen ki sa w ap adore, D&A 93:19 .
Se sèl Bondye sa m ap adore, Moyiz 1:12–20 .
Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye Toupisan an, AL 1:11 .