Tantasyon, tante Gade tou nan Dyab; Lib abit; Pèsevere Yon tès konsènan kapasite yon moun genyen pou l chwazi byen pase mal; yon atirans pou peche epi pou suiv Satan pase Bondye. Pa kondi nou nan tantasyon, men delivre nou anba mal, Mat. 6:13 (3 Ne. 13:12). Bondye p ap aksepte pou sibi tantasyon plis pase sa w kapab sipòte, 1 Kor. 10:13. Kris la te sibi tantasyon menm jan avèk nou, Ebre 4:14–15. Yon moun ki sipòte tantasyon, l ap beni, Jak 1:12–14. Tantasyon advèsè a pa kapab anpare moun ki koute pawòl Bondye, 1 Ne. 15:24 (Ela. 5:12). Lòm pa t ap kapab aji pou tèt pa l si youn oubyen lòt la pa t atire l, 2 Ne. 2:11–16. Veye epi priye kontinyèlman pou w pa sibi tantasyon plis pase sa w kapab sipòte, Alma 13:28. Aprann yo kontrekare chak tantasyon dyab la, avèk lafwa yo nan Senyè Jezikri a, Alma 37:33. Priye tout tan pou w pa tonbe nan tantasyon, 3 Ne. 18:15, 18 (D&A 20:33; 31:12; 61:39). Fè atansyon avèk logèy pou w pa tonbe nan tantasyon, D&A 23:1. Adan te vin soumèt anba volonte dyab la poutèt li te lage bay tantasyon, D&A 29:39–40. M te livre devan tout kalite tantasyon, I—JS 1:28.