Èd pou Etid
Women, Epit pou


Women, Epit pou

Nan Nouvo Testaman an, yon lèt Pòl te ekri voye bay Sen nan Wòm yo. Li k ap konsidere yon vizit nan Jerizalèm, ki te yon danje sèten. Si li chape sove lavi li, li espere vizite Wòm apre sa. Bi lèt la te pou prepare Legliz nan kote sa a pou resevwa l lè l ta vini. Sanble tou lèt la te genyen ekspresyon konsènan kèk doktrin moun yo pa t konprann. Nan lèt la Pòl konsidere doktrin sa yo finalman etabli.

Chapit 1 gen salitasyon Pòl te fè Women yo. Chapit 2–11 gen anpil deklarasyon konsènan doktrin lafwa, zèv, ak gras. Chapit 12–16 gen ansèyman pratik sou lanmou, devwa, ak sentete.