Mari Madlèn Yon fi nan Nouvo Testaman an ki te vin tounen yon disip devwe Jezikri. Madlèn bay kòm referans Magdala, kote Mari sa a te soti a. Li lokalize sou plaj lwès Lanmè Galile a. Li te pre kwa a, Mat. 27:56 (Mak 15:40; Jan 19:25). Li te nan antèman Kris la, Mat. 27:61 (Mak 15:47). Li te bò tonm lan jou maten rezirèksyon an, Mat. 28:1 (Mak 16:1; Lik 24:10; Jan 20:1, 11). Jezi te parèt devan Mari an premye apre rezirèksyon li, Mak 16:9 (Jan 20:14–18). Sèt dyab yo te soti nan tèt li, Lik 8:2.