Pafè Konplè, antye, epi totalman devlope; totalman jis. Pafè kapab vle di tou, san peche oubyen san mal. Sèlman Kris la te totalman pafè. Vrè disip Kris yo kapab vin pafè nan gras li ak Ekspyasyon l. Fè kè w pafè avèk Senyè a, 1 Wa 8:61. Ou dwe pafè, menm jan avèk Papa w ki nan syèl la, Mat. 5:48 (3 Ne. 12:48). Nenpòt moun ki pa di pawòl ofansan, moun sa pafè, Jak 3:2. Lafwa pa vle di pou moun genyen yon konesans pafè konsènan yon bagay, Alma 32:21, 26. Ekspyasyon an te fèt pou Bondye te kapab yon Bondye pafè, Alma 42:15. Mowoni te yon nonm ki gen konpreyansyon pafè, Alma 48:11–13, 17–18. Chak moun te resevwa Lespri Kris la pou yo jije epi pou yo konnen avèk yon konesans pafè si yon bagay soti kote Bondye oubyen kote dyab la, Mowo. 7:15–17. Vini jwenn Kris la, epi pèfeksyone w nan li, Mowo. 10:32. Kontinye nan pasyans jistan w vin pafè, D&A 67:13. Moun sa yo se moun jis ki te vin pafè pa mwayen Jezi, D&A 76:69. Ofis nan Legliz yo se pou pèfeksyone Sen yo, D&A 124:143 (Efe. 4:11–13). Vivan yo pa pafè san mò yo, D&A 128:15, 18. Noye te yon nonm jis, epi li te pafè nan jenerasyon l la, Moyiz 8:27.