Kòmandman, dis yo
Lwa Bondye te bay pwofèt Moyiz pou gouvène konpòtman moral.
Non Ebre pou lwa sa yo se “Dis Pawòl yo.” Yo rele yo Alyans lan tou (Det. 9:9) oubyen Temwayaj la (Egz. 25:21; 32:15). Lè Bondye t ap bay Moyiz Dis Kòmandman yo pou Izrayèl la, dekri nan Egzòd 19:9–20:23; 32:15–19; 34:1. Kòmandman yo te grave sou de tablo wòch ki te plase nan Bwat la; konsa Bwat la te rele Bwat alyans lan (Nonb 10:33). Senyè a, te fè sitiyasyon nan Det. 6:4–5 ak Lev. 19:18, te rezime Dis Kòmandman yo fè “de gran kòmandman” (Mat. 22:37–39).
Dis Kòmandman yo te repete nan revelasyon dènye jou yo (TJS, Egz. 34:1–2, 14 [Apendis]; Mozya 12:32–37; 13:12–24; D&A 42:18–28; 59:5–13).