Lòd ini Gade tou nan Konsakre, lwa konsekrasyon Yon òganizasyon kote Sen yo nan kòmansman Legliz retabli a te eseye pratike lwa konsekrasyon an. Moun te pataje teren, byen, ak pwofi epi yo te resevwa bagay sa yo daprè bezwen yo ak nesesite yo (D&A 51:3; 78:1–15; 104). Nan bagay tanporèl yo n ap menm, D&A 70:14. Sen yo dwe òganize yo pou yo ka menm nan tout bagay, D&A 78:3–11 (D&A 82:17–20). Senyè a bay lòd ini yon revelasyon ak yon kòmandman, D&A 92:1. John Johnson dwe vin yon manm nan lòd ini, D&A 96:6–9. Bondye te bay enstriksyon jeneral yo pou fè lòd ini mache, D&A 104. Pèp mwen an pa ini daprè inyon wayòm selès mande, D&A 105:1–13.