Salèm Gade tou nan Jerizalèm; Mèlkisedèk Vil nan Ansyen Testaman an kote Mèlkisedèk te gouvène a. Li kapab byen te tabli kote Jerizalèm ye jodi a. Non Salèm nan sanble anpil avèk yon mo Ebre ki siyifi “lapè.” Mèlkisedèk, wa Salèm nan te pote pen ak diven, Jen. 14:18. Mèlkisedèk, wa Salèm nan, te yon prèt pou Bondye Ki Pi Wo a, Ebre 7:1–2. Mèlkisedèk te yon wa nan peyi Salèm nan, Alma 13:17–18.