Lang Gade tou nan Lang yo, don Yon senbòl pou pawòl. Sen yo dwe kontwole lang yo, ki vle di yo dwe kontwole pawòl yo. Lang voye nou nan langaj ak pèp tou. Alafen, tout jenou pral pliye epi tout lang pral konfese devan Bondye (Eza. 45:23; Wom. 14:11). Kenbe lang ou lwen mal, Sòm 34:13 (1 Pyè 3:10). Nenpòt moun ki kenbe bouch li ak lang li, li kenbe nanm li anba pwoblèm, Pwov. 21:23. Si yon moun pa bride lang li, relijyon moun sa anven, Jak 1:26. Si yon moun pa ofanse lòt avèk pawòl, moun sa a pafè, Jak 3:1–13. Levanjil la pral preche pou chak nasyon, fanmi, lang, ak pèp, Apok. 14:6–7 (2 Ne. 26:13; Mozya 3:13, 20; D&A 88:103; 112:1). Senyè a akòde tout nasyon, daprè pwòp nasyon yo ak lang yo, pou yo anseye pawòl li, Alma 29:8. Plak sa yo pral jwenn tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp, Alma 37:4. Pran pawòl mwen yo, epi apre sa lang ou pral delye, D&A 11:21. Chak moun pral tande plenitid levanjil la nan lang pa li, D&A 90:11.