Lagè nan syèl Gade tou nan Konsèy nan syèl; Lavi premòtèl Konfli ki te fèt nan lavi premòtèl ant pitit lespri Bondye yo. Yo te chase Satan soti nan syèl la voye sou tè a, Apok. 12:4, 7–9. Dyab la ak yon tyè nan syèl la te tonbe anba, D&A 29:36–37. Lisifè te revòlte kont Sèl Pitit Gason Literal la, D&A 76:25–26. Satan te vle glwa Papa a epi li te vle detwi lib abit lòm, Moyiz 4:1–4 (Eza. 14:12–15; Abr. 3:27–28). Moun ki te suiv Bondye yo te kenbe premye eta yo a, yo te vin sou tè a, epi yo te resevwa yon kò, Abr. 3:26.