Otèl Gade tou nan Sakrifis Yon elevasyon yo itilize pou ofri sakrifis, ofrann avèk adorasyon. Noye te bati yon otèl devan Senyè a epi li te ofri olokòs yo, Jen. 8:20. Abram te bati yon otèl devan Senyè a, Jen. 12:7–8. Abraram te plase pitit gason l la sou otèl lan, Jen. 22:9 (Jen. 22:1–13). Jakòb te bati yon otèl e l te rele l Èl-betèl, Jen. 35:6–7. Eli te bati yon otèl epi li te bay prèt Baal yo defi, 1 Wa 18:17–40. Si w pote ofrann sa a sou otèl lan, dabò rekonsilye ak frè w, Mat. 5:23–24. Mwen te wè anba otèl la nanm yo ki t ap chèche pawòl Bondye, Apok. 6:9 (D&A 135:7). Leyi te bati yon otèl an wòch e li te remèsye Senyè a, 1 Ne. 2:7. Abraram te sove anba lanmò sou otèl Èlkena, Abr. 1:8–20.