Lavi anvan lavi terès. Tout gason ak fi te viv avèk Bondye kòm pitit lespri anvan yo te vin sou tè a kòm èt mòtèl. Kèk fwa, se sa ki rele premye eta a (Abr. 3:26 ).
Lè Bondye te plase fondasyon tè a, tout pitit Bondye yo te rele ak jwa, Jòb 38:4–7 .
Lespri a pral retounen jwenn Bondye ki te bay li a, Ekl. 12:7 .
Anvan m te fòme w nan vant la m te konnen w, Jer. 1:4–5 .
Nou tout se desandan l, Tra. 17:28 .
Bondye te chwazi nou anvan fondasyon mond lan, Efe. 1:3–4 .
Nou dwe soumèt nou devan Papa lespri yo, Ebre 12:9 .
Zanj ki pa t gade premye eta yo a, li rezève yo nan chenn etènèl, Jid 1:6 (Abr. 3:26 ).
Yo te chase dyab la avèk zanj li yo, Apok. 12:9 .
Kris la te kontanple grandè letènite ak lame syèl la anvan mond lan te fèt, D&A 38:1 .
Lòm te avèk Bondye tou nan kòmansman, D&A 93:29 (Ela. 14:17 ; D&A 49:17 ).
Lespri nòb yo te chwazi nan kòmansman pou yo sèvi kòm dirijan nan Legliz la, D&A 138:53–55 .
Anpil moun te resevwa premye leson yo nan mond lespri yo, D&A 138:56 .
Tout bagay te kreye espirityèlman anvan yo te sou tè, Moyiz 3:5 .
M te kreye mond lan ak lèzòm anvan yo te gen chè, Moyiz 6:51 .
Abraram te wè entèlijans ki te òganize yo anvan mond lan te kreye, Abr. 3:21–24 .