Kòmansman Gade tou nan Jezikri; Kreyasyon, kreye; Lavi premòtèl Jeneralman li fè nou panse a epòk anvan lavi mòtèl sa a—ki vle di, lavi premòtèl la. Kèk fwa yo rele Jezikri kòmansman. Nan kòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a, Jen. 1:1 (Moyiz 2:1). Pawòl la te egziste nan kòmansman, Jan 1:1. M se Alfa ak Omega, kòmansman an ak fen an, 3 Ne. 9:18. Kris se kòmansman an ak fen an, D&A 19:1. Nouvo alyans etènèl la te egziste depi nan kòmansman, D&A 22:1. Lèzòm te avèk Bondye nan kòmansman, D&A 93:23, 29. Gen gran lespri nòb ki te chwazi nan kòmansman pou yo sèvi kòm dirijan, D&A 138:55. Sèl Pitit Literal mwen an te avèk mwen depi nan kòmansman, Moyiz 2:26.