Degre glwa Gade tou nan Glwa selès; Glwa telès; Glwa terès Plizyè wayòm nan syèl. Nan Jijman Final la chak moun ap eritye yon abitasyon etènèl nan yon wayòm byen detèmine ki gen glwa, eksepte moun ki pitit Pèdisyon an. Jezi te di, Lakay Papa m gen anpil abitasyon, Jan 14:2 (Etè 12:32). Gen yon glwa menm jan ak solèy la, yon lòt menm jan ak lalin nan epi yon lòt menm jan ak etwal yo, 1 Kor. 15:40–41. Pòl te monte nan twazyèm syèl la, 2 Kor. 12:2. Gen yon kote san glwa ki gen pinisyon etènèl, D&A 76:30–38, 43–45. Gen twa degre glwa, D&A 76:50–113; 88:20–32.