Papa, motèl Gade tou nan Benediksyon patriyakal yo; Fanmi; Paran yo; Patriyach, patriyakal Yon tit sakre ki fè moun panse a yon nonm ki fè oubyen ki adopte yon timoun legalman. Onore papa w ak manman w, Egz. 20:12 (Det. 5:16; Mat. 19:19; Mozya 13:20). Yon papa korije yon pitit gason li renmen, Pwov. 3:12. Papa, pa pwovoke pitit ou yo nan kòlè, Efe. 6:1–4. M te yon jan resevwa ansèyman enstriksyon nan tout konesans papa m, 1 Ne. 1:1. Papa m te yon nonm jis—paske li te anseye m, Enòs 1:1. Alma te priye yon pitit gason li a, Mozya 27:14. Alma te bay pitit gason li yo kòmandman, Alma 36–42. Elaman te fè pitit gason li yo pote non zansèt yo, Ela. 5:5–12. Mòmon te toujou sonje pitit gason li a nan priyè li yo, Mowo. 8:2–3. Yo kapab espere gran bagay nan men papa yo, D&A 29:48. Chak gason dwe pran swen fanmi pa l, D&A 75:28. Li te kòmande m pou m ale jwenn papa m, I—JS 1:49.