Elaman, pitit gason Alma Gade tou nan Alma, pitit gason Alma; Anti-Nefi-Leyi yo; Elaman, pitit gason yo Nan Liv Mòmon an, pi gran pitit gason Alma, pitit gason Alma (Alma 31:7). Elaman te yon pwofèt epi yon dirijan militè. Alma te konfye pitit gason li a, Elaman, rejis pèp la ak plak Jaredit yo, Alma 37:1–2, 21. Alma te kòmande Elaman pou l te kontinye ekri istwa pèp li a, Alma 45–62. Elaman retabli Legliz la, Alma 45:22–23. De mil gèrye Amonit te vle pou Elaman dirije yo, Alma 53:19, 22. Elaman ak gèrye Amonit li yo te batay avèk Lamanit yo epi yo te prezève poutèt lafwa, Alma 57:19–27.