Frè, frè yo Gade tou nan Fi, fi yo; Lèzòm, lòm; Sè Kòm pitit Papa nou ki nan syèl la, tout gason ak fi se frè ak sè espirityèlman. Nan Legliz la lè y ap pale ak manm legliz oswa zanmi legliz la, yo di frè, yo pale konsènan manm gason ak zanmi gason Legliz yo kòm frè. Lè w konvèti, fòtifye frè w yo, Lik 22:32. Yon moun ki pa renmen frè l li rete nan lanmò, 1 Jn. 3:10–17. Konsidere frè w yo menm jan ak tèt pa w, Jakòb 2:17. Se pou chak moun respekte frè l menm jan ak tèt pa l, D&A 38:24–25. Ranfòse frè w yo nan tout konvèsasyon yo, D&A 108:7.