Vle di tout limanite, ni gason ni fi tout gason ak tout fi se pwojeniti espirityèl literal Papa Bondye. Lè yo fèt nan mòtalite a, yo resevwa kò fizik. Kò sa yo te kreye nan imaj Bondye (Jen. 1:26–27 ). Fi ak gason ki resevwa òdinans nesesè yo avèk lafwa, ki kenbe alyans yo epi ki obeyi kòmandman Bondye yo ap antre nan egzaltasyon pa yo epi y ap vin tankou bondye.
M konnen lòm pa anyen, Moyiz 1:10 .
Travay Bondye ak laglwa li se pou l reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm, Moyiz 1:39 .
Lòm, yon pitit espirityèl Papa Bondye
Yo te tonbe sou figi yo, epi yo di, O Bondye, Bondye lespri tout kò yo, Nonb 16:22 (Nonb 27:16 ).
Ou se pitit Senyè Bondye w la, Det. 14:1 .
Ou se bondye epi tout ou menm yo se pitit Bondye Ki Pi Wo a, Sòm 82:6 .
Ou se pitit bondye vivan an, Oze 1:10 .
Èske nou tout pa gen menm Papa? Èske se pa yon sèl Bondye ki te kreye nou, Mal. 2:10 .
Nou se pwojeniti Bondye, Tra. 17:29 .
Lespri a poutèt pa l li rann temwayaj pou fè konnen nou se pitit Bondye, Wom. 8:16 .
Soumèt nou devan Papa lespri yo, Ebre 12:9 .
Abitan ki nan mond yo se pitit gason ak pitit fi literal Bondye, D&A 76:24 .
Lòm te avèk Papa a nan kòmansman, D&A 93:23, 29 .
Bondye te kreye tout moun espirityèlman, anvan yo te vin sou sifas tè a, Moyiz 3:5–7 .
M se Bondye; m te fè mond lan, epi m te fè lèzòm anvan yo te gen kò fizik, Moyiz 6:51 .
Lòm, gen potansyalite pou vin tankou Papa Bondye
Ou dwe pafè, menm jan avèk Papa w, Mat. 5:48 (3 Ne. 12:48 ).
Èske ekriti nan lwa w la pa di w se bondye, Jan 10:34 (D&A 76:58 ).
Nou kapab vin tounen eritye Bondye epi ko eritye avèk Kris la, Wom. 8:17 .
Ou se yon pitit, epi kòm yon pitit, konsa ou se eritye bondye nan Kris, Gal. 4:7 .
Lè li parèt, n ap tankou l, 1 Jn. 3:2 .
Yon moun ki reziste m ap kite l chita avèk mwen sou twòn mwen, Apok. 3:21 .
Moun ki eritye wayòm selès la, yo se bondye, paske yo se pitit Bondye, D&A 76:50, 58 .
Lè sa a y ap vin tounen bondye, paske yo gen tout pouvwa, D&A 132:20 .