Ti mouton Bondye Gade tou nan Ekspyasyon, ekspye; Jezikri; Pak (fèt juif) Yon non Sovè a te genyen ki fè referans a Jezi kòm ofrann sakrifis ki te fèt pou nou an. Yo te pote l tankou yon ti mouton devan bouche, Eza. 53:7 (Mozya 14:7). Men Ti mouton Bondye a ki wete peche mond lan, Jan 1:29 (Alma 7:14). Ou te rachte avèk san presye Kris la, kòm yon ti mouton san tach, 1 Pyè 1:18–20. Ti Mouton ki te mouri a te diy, Apok. 5:12. Nou te ranpòte viktwa sou Satan avèk san Ti Mouton an, Apok. 12:11. Moun yo te blanchi nan san Ti Mouton an, poutèt lafwa yo nan li, 1 Ne. 12:11. Ti mouton Bondye a se Pitit Gason Papa Etènèl la, epi li se Sovè mond lan, 1 Ne. 13:40 (1 Ne. 11:21). Kriye fò nan pye Papa a nan non Jezi, pou, petèt ou kapab netwaye nan san Ti Mouton an, Mòm. 9:6 (Apok. 7:14; Alma 34:36). Pitit Gason Lòm Nan se Ti Mouton an ki te mouri depi nan fondasyon mond lan, Moyiz 7:47.