Verite Gade tou nan Entèlijans, entèlijans yo; Konesans; Limyè, limyè Kris Konesans konsènan bagay jan yo ye a, jan yo te ye a, epi jan yo pral ye (D&A 93:24). Verite vle di limyè epi tou revelasyon ki soti nan syèl. Verite pral pouse soti nan tè a, Sòm 85:11 (Moyiz 7:62). W ap konnen verite a epi verite a pral fè w lib, Jan 8:32. M se chemen an, verite a, epi lavi a, Jan 14:6. Si nou di nou pa gen peche, verite a pa nan nou, 1 Jn. 1:8. Moun ki gen tò panse verite di, 1 Ne. 16:2. Jis yo renmen verite, 2 Ne. 9:40. Lespri a pale verite, epi li pa bay manti, Jakòb 4:13. Ou se yon Bondye verite epi w pa kapab bay manti, Etè 3:12. Avèk pouvwa Sentespri a ou kapab konnen verite konsènan tout bagay, Mowo. 10:5. Verite la pou letènite, D&A 1:39. Lespri verite a te eklere w, D&A 6:15. Liv Mòmon an gen verite a ak pawòl Bondye a, D&A 19:26. Yo te voye Konsolatè a pou l anseye verite, D&A 50:14. Yon moun ki resevwa pawòl la avèk Lespri verite a, li resevwa l menm jan Lespri verite a anseye l, D&A 50:17–22. Pwoklame verite a daprè revelasyon m te ba ou yo, D&A 75:3–4. Nenpòt bagay ki verite, li se limyè, D&A 84:45. Limyè Kris la se limyè verite, D&A 88:6–7, 40. Lespri m se verite, D&A 88:66. Entèlijans, oubyen limyè verite pa t kreye, D&A 93:29. Glwa Bondye se entèlijans, oubyen limyè verite, D&A 93:36. M te kòmande w pou w leve pitit ou yo nan limyè ak verite, D&A 93:40. Sèl Pitit Literal Mwen an plen gras ak verite, Moyiz 1:6.