Gratitid pou benediksyon moun resevwa nan men Bondye. Esprime gratitid fè Bondye plèzi, epi remèsye Bondye fè pati vrè adorasyon. Nou ta dwe remèsye Senyè a pou tout bagay.
Li bon pou moun bay Senyè a remèsiman, Sòm 92:1 .
Vini devan prezans li avèk aksyon-de-gras, Sòm 95:1–2 .
Gen rekonesans devan l epi beni non l, Sòm 100 .
Konbyen ou menm dwe remèsye Wa selès ou a, Mozya 2:19–21 .
Viv nan aksyon-de-gras chak jou, Alma 34:38 .
Lè w leve nan maten, ranpli kè w avèk remèsiman pou Bondye, Alma 37:37 .
Ou ta dwe fè tout bagay avèk priyè epi avèk aksyon-de-gras, D&A 46:7 .
Ou dwe remèsye Bondye, D&A 46:32 .
Fè bagay sa yo avèk remèsiman, D&A 59:15–21 .
Resevwa benediksyon sa yo nan men Senyè a avèk yon kè rekonesan, D&A 62:7 .
Yon moun ki resevwa tout bagay avèk yon rekonesans, l ap resevwa glwa, D&A 78:19 .
Bay remèsiman nan tout bagay, D&A 98:1 (1 Tes. 5:18 ).
Louwe Senyè a avèk yon priyè louwanj epi avèk remèsiman, D&A 136:28 .