Kontansyon Gade tou nan Rebelyon Goumen, plede, ak diskisyon yo. Kontansyon, espesyalman ant manm Legliz Senyè a yo oubyen ant manm fanmi yo, pa fè Senyè a plèzi. Pa dwe gen goumen ant mwen menm avèk ou, Jen. 13:8. Logèy koze kontansyon, Pwov. 13:10. Si yon moun gen kont avèk nenpòt lòt moun, li dwe padone menm jan Kris la te padone a, Kol. 3:13. Evite kesyon san sans ak kontansyon, Tit 3:9. Senyè a kòmande lèzòm pou yo pa goumen youn ak lòt, 2 Ne. 26:32. Ou pa dwe kite pitit ou yo goumen ak joure youn avèk lòt, Mozya 4:14. Alma te kòmande pou pa gen kontansyon nan pami manm Legliz yo, Mozya 18:21. Satan gaye bri ak kontansyon, Ela. 16:22. Dyab la se papa kontansyon epi li pouse lèzòm pou yo fè kontansyon youn kont lòt, 3 Ne. 11:29 (Mozya 23:15). Tabli levanjil mwen an, pou kapab pa gen tout kontansyon sa a, D&A 10:62–64. Sispann fè kontansyon youn avèk lòt, D&A 136:23.