Geri, gerizon Gade tou nan Administrasyon pou malad; Wen Fè yon moun byen oubyen ba l sante ankò, fizikman ak espirityèlman. Ekriti yo gen anpil egzanp mirak gerizon Senyè a ak sèvitè Li yo te fè. M se Senyè a ki te geri w la, Egz. 15:26. Naaman te tranpe kò l sèt fwa nan Rivyè Jouden an epi li te geri, 2 Wa 5:1–14. Soufrans li yo geri nou, Eza. 53:5 (Mozya 14:5). Solèy jistis la ap leve avèk gerizon nan zèl li yo, Mal. 4:2. Jezi te geri tout kalite maladi, Mat. 4:23 (Mat. 9:35). Li te ba yo pouvwa pou geri tout kalite maladi, Mat. 10:1. Li te voye m pou m geri moun ki gen kè dou yo, Lik 4:18. Pouvwa Ti mouton Bondye a te geri yo, 1 Ne. 11:31. Si w kwè nan redanmsyon Kris la, ou kapab geri, Alma 15:8. Li te geri yo chak, 3 Ne. 17:9. Yon moun ki gen lafwa nan mwen pou l geri, l ap geri, D&A 42:48. y ap geri malad nan non m, D&A 84:68. Nou kwè nan don gerizon, AL 1:7.