Kominyon Fratèl Gade tou nan Inite; Lanmou, renmen Pou Sen nan Dènye jou yo, kominyon vle di tou, ofri konpayi, sèvi, relve moral, epi fòtifye lòt moun. Renmen pwochen w menm jan ak tèt pa w, Lev. 19:18 (Mat. 19:19; D&A 59:6). Lè w fin konvèti, ranfòse frè w yo, Lik 22:32. Si w renmen youn lòt, ou se disip mwen, Jan 13:35. Nouri brebi m yo, Jan 21:15–17. Yo te priye pou nou te kapab pran responsablite pou nou fratènize ministè Sen yo, 2 Kor. 8:1–5. Fratènite nou se avèk Papa a epi avèk Pitit Gason li a, 1 Jn. 1:3. Nefit yo ak Lamanit yo te fratènize youn avèk lòt, Ela. 6:3. Chak moun dwe estime frè l menm jan avèk tèt pa l, D&A 38:24–25. Si w pa inifye w ou pa pou mwen, D&A 38:27. M resevwa w nan fratènite pou m kapab zanmi w ak frè w, D&A 88:133.