Dim, dizyèm Gade tou nan Lajan; Ofrann Yon dizyèm pati nan salè anyèl yon moun bay Legliz la pou Senyè a. Fon dim yo itilize pou bati legliz ak tanp yo, pou sipòte travay misyonè, epi pou bati wayòm Bondye sou tè a. Abraram te bay Mèlkisedèk yon dizyèm nan tout sa li te posede, Jen. 14:18–20 (Ebre 7:1–2, 9; Alma 13:15). Tout dizyèm nan se pou Senyè a: li sen devan Senyè a, Lev. 27:30–34. Ou dwe reyèlman wete yon dizyèm nan tout salè w, Det. 14:22, 28. Yo te pote dizyèm tout bagay an abondans, 2 Kwo. 31:5. Èske yon moun dwe vòlè Bondye? Nan ki sa nou vòlè w? Nan dizyèm ak ofrann, Mal. 3:8–11 (3 Ne. 24:8–11). Yon moun ki peye dizyèm li p ap boule lè li vini, D&A 64:23 (D&A 85:3). Kay Senyè a dwe bati avèk dim pèp li a, D&A 97:11–12. Senyè a te revele lwa dim nan, D&A 119. Yon konsèy dwe pran dispozisyon pou depans dim nan, D&A 120.