Peche enpadonab Gade tou nan Ansasen; Blasfèm, blasfeme; Pitit pèdisyon yo; Sentespri Peche lè moun nye Sentespri a, yon peche ki pa kapab padone. Lèzòm p ap resevwa padon pou blasfèm kont Sentespri a, Mat. 12:31–32 (Mak 3:29; Lik 12:10). Li enposib pou moun ki te konnen Sentespri yo renouvle ankò nan repantans, Ebre 6:4–6. Si nou peche volontèman apre nou fin resevwa konesans verite a, pa gen sakrifis ankò pou peche nou yo, Ebre 10:26. Si w nye Sentespri a epi w konnen w nye l, se yon peche enpadonab, Alma 39:5–6 (Jakòb 7:19). Yo pa resevwa padon paske yo te nye Sèl Pitit Gason Literal la, paske yo te krisifye l pou tèt pa yo, D&A 76:30–35. Blasfèm kont Sentespri a p ap resevwa padon, ki vle di koule san inosan apre w resevwa nouvo alyans etènèl mwen an, D&A 132:26–27.