Repo Gade tou nan Jou Saba; Lapè Jwisans lapè ak libète anba tèt chaje ak traka. Senyè a te pwomèt yon repo konsa pou disip fidèl Li yo pandan lavi sa a. Li te prepare yon plas repo pou yo tou nan lavi apre a. Prezans mwen prale avè w epi m ap ba w repo, Egz. 33:14. Vin jwenn mwen, tout ou menm ki chaje, epi m ap ba w repo, Mat. 11:28–29. Nou te travay pou yo kapab antre nan repo l la, Jakòb 1:7 (Ebre 4:1–11). Nenpòt moun ki repanti, l ap antre nan repo m nan, Alma 12:34. Te gen yon pakèt kantite moun Senyè a te pirifye, epi yo te antre nan repo Senyè a, Alma 13:12–16. Paradi se yon santiman repo, Alma 40:12 (Alma 60:13). Anyen pa kapab antre nan repo l la eksepte moun ki te lave rad yo nan san m, 3 Ne. 27:19. Deklare pèp sa a repantans pou w kapab repoze avèk yo nan wayòm Papa m nan, D&A 15:6 (D&A 16:6). Moun ki mouri yo pral repoze apre tout travay yo, D&A 59:2 (Apok. 14:13). Senyè a repoze nan plenitid glwa li, D&A 84:24.