Kreyasyon, kreye Gade tou nan Jezikri; Jou Saba; Kòmansman; Kreyasyon lespri; Tè Òganize. Bondye, pa mwayen Pitit Gason li a, Jezikri, te òganize eleman ki nan nati a pou l fòme syèl yo ak tè a. Papa nou nan Syèl ak Jezikri te kreye lèzòm daprè imaj pa yo (Moyiz 2:26–27). Nan kòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a, Jen. 1:1. An nou kreye lèzòm nan imaj pa nou, Jen. 1:26 (Moyiz 2:26–27; Abr. 4:26). Li te kreye tout bagay, Jan 1:3, 10. Pa mwayen li tout bagay nan syèl la te kreye, Kol. 1:16 (Mozya 3:8; Ela. 14:12). Bondye te kreye mond yo ak Pitit Gason l lan, Ebre 1:2. Lèzòm te kreye nan kòmansman, Mozya 7:27. M te kreye syèl la ak tè a epi ak tout bagay, 3 Ne. 9:15 (Mòm. 9:11, 17). Tout moun te kreye nan kòmansman nan imaj mwen, Etè 3:15. Jezikri te kreye syèl la ak tè a, D&A 14:9. Li te kreye lèzòm, gason ak fi daprè imaj pa li, D&A 20:18. Te tèlman kreye anpil mond l yo pa kapab konte, Moyiz 1:33. Ak Sèl Pitit Literal mwen an m te kreye syèl la, Moyiz 2:1. Mwen menm, Senyè Bondye a, m te kreye tout bagay espirityèlman anvan yo te vin natirèlman sou fas tè a, Moyiz 3:5. Anpil milyon tè tankou sa pa menm yon kòmansman pou kantite kreyasyon w yo, Moyiz 7:30. Bondye yo te òganize epi yo te fòme syèl la, Abr. 4:1.