Sele, sèlman Gade tou nan Eli (Pwofèt Ansyen Testaman an); Òdonans yo; Prètriz Lè moun rann òdonans ki fèt avèk otorite prètriz yo sou tè a valab nan syèl. Òdonans yo sele lè yo resevwa apwobasyon Lespri Sen Pwomès la, ki se Sentespri a nan sen tanp lan ki se kay Senyè a. Nenpòt bagay ou mare soutè a, ap mare nan syèl la, Mat. 16:19 (Mat. 18:18; D&A 124:93; 132:46). Lespri Sen Pwomès la te sele w, Efe. 1:13. M ba w pouvwa, konsa, nenpòt bagay ou sele sou tè a pral sele nan syèl la, Ela. 10:7. Yo resevwa pouvwa pou yo sele ni sou tè a ni nan syèl la, D&A 1:8. Lespri Sen Pwomès la sele moun yo ki nan glwa selès la, D&A 76:50–70. Eli te remèt kle pouvwa sèlman an nan men Joseph Smith, D&A 110:13–16. Se pouvwa ki sele epi ki mare a sa, D&A 128:14. Pi bon siyifikasyon mo pwofesi a vle di lè yon moun konnen li sele pou lavi etènèl, D&A 131:5. Tout alyans Lespri Sen Pwomès pa sele ap fini lè lèzòm mouri, D&A 132:7. Gran travay ki dwe fèt nan tanp yo anbrase sèlman pitit yo avèk paran yo tou, D&A 138:47–48.