Moab
Yon peyi nan Ansyen Testaman an ki tabli nan lès Lanmè Mòt. Moabit yo te desandan Lo epi yo te fanmi Izrayelit yo. Yo te pale yon lang ki sanble avèk Ebre. Te gen lagè toutan ant Moabit yo ak Izrayelit yo (Jij 3:12–30; 11:17; 2 Sam. 8:2; 2 Wa 3:6–27; 2 Kwo. 20:1–25; Eza. 15).