Lavi etènèl Gade tou nan Egzaltasyon; Ekspyasyon, ekspye; Glwa selès; Kouwòn; Lavi Viv pou tout tan kòm fanmi nan prezans Bondye (D&A 132:19–20, 24, 55). Lavi etènèl se pi gran don Bondye bay lèzòm. Ou gen pawòl lavi etènèl yo, Jan 6:68. Lavi etènèl la vle di pou yo konnen w, ou menm sèl vrè Bondye a ak Jezikri, Jan 17:3 (D&A 132:24). Fè bon batay lafwa a, mete men w sou lavi etènèl la, 1 Tim. 6:12. Moun lib pou yo chwazi libète ak lavi etènèl, 2 Ne. 2:27 (Ela. 14:31). Lè yon moun gen panse espirityèl sa vle di lavi etènèl, 2 Ne. 9:39. Lè sa w nan chemen etwat ki mennen nan lavi etènèl la, 2 Ne. 31:17–20. Lavi etènèl vle di kwè nan Kris la epi dwe pèsevere jiska lafen, 2 Ne. 33:4 (3 Ne. 15:9). Yon moun ki gen lavi etènèl, li rich, D&A 6:7 (D&A 11:7). Lavi etènèl se pi gran don nan tout don Bondye yo, D&A 14:7 (Wom. 6:23). Moun jis yo ap resevwa lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an, D&A 59:23. Moun ki pèsevere jiska lafen pral resevwa yon kouwòn lavi etènèl, D&A 66:12 (D&A 75:5). Tout moun ki mouri san levanjil la epi ki t ap resevwa l si yo te vivan, yo se eritye wayòm selès la, D&A 137:7–9. Travay Bondye ak glwa li se pou l reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm, Moyiz 1:39. Bondye bay obeyisan yo lavi etènèl, Moyiz 5:11.