Pi, pite Gade tou nan Pwòp ak malpwòp; Sanktifikasyon Libere anba peche avèk remò; san blam. Yon moun vin pi lè panse li yo ak aksyon li yo pwòp nan tout fason. Yon moun ki te komèt peche kapab vin pi pa mwayen lafwa nan Jezikri, repantans, epi resevwa òdonans levanjil la. Yon moun ki gen men pwòp ak kè pi, l ap resevwa benediksyon Senyè yo a, Sòm 24:3–5. Ou dwe pwòp, ou menm ki pote vesèl Senyè a, Eza. 52:11 (D&A 133:4–5). Moun ki gen kè pi yo beni, Mat. 5:8 (3 Ne. 12:8). Nenpòt bagay ki pi, se sou yo pou w panse, Filip. 4:8 (AL 1:13). Tout moun ki gen kè pi, leve tèt ou epi resevwa pawòl plezan Bondye a, Jakòb 3:2–3. Èske w kapab leve tèt gade nan jou sa a avèk yon kè pi epi avèk men pwòp, Alma 5:19. Paske yo te pi epi san tach devan Bondye, yo pa t kapab gade peche san repiyans, Alma 13:12. Pirifye tèt ou menm jan Kris la pi a, Mowo. 7:48 (Mòm. 9:6). Kris la pral rezève yon pèp pi pou tèt pa l, D&A 43:14. Senyè a te kòmande pou yon kay bati nan Siyon kote moun pi yo pral wè Bondye, D&A 97:10–17. Sa se Siyon—moun ki gen kè pi yo, D&A 97:21.