Èd pou Etid
Smith, Joseph, pitit la


Smith, Joseph, pitit la

Pwofèt ki te chwazi pou retabli vrè Legliz Jezikri a sou tè a. Joseph Smith te fèt nan eta Vermont nan Etazini Damerik la epi li te viv depi 1805 jiska 1844.

An 1820, Papa Bondye ak Jezikri te parèt devan Joseph, epi li aprann pa gen youn nan legliz yo sou tè a ki te vre (I—JS 1:1–20). Apre sa zanj ki rele Mowoni an te vizite l, li te revele kachèt plak lò yo ki gen rejis ansyen pèp sou kontinan Ameriken an (I—JS 1:29–54).

Joseph te tradui plak lò yo epi an 1830 li te pibliye yo kom Liv Mòmon an (I—JS 1:66–67, 75). An 1829 li te resevwa otorite prètriz nan men Janbatis, ak Pyè, Jak, ak Jan (D&A 13; 27:12; 128:20; I—JS 1:68–70).

Jan Bondye te bay direksyon an, nan dat 6 Avril 1830, Joseph ak plizyè lòt moun te òganize Legliz retabli Jezikri a (D&A 20:1–4). Sou direksyon Joseph Smith, Legliz la grandi nan Kanada, Angletè, ak pòsyon lès Etazini an, espesyalman nan Ohio, Missouri, ak Illinois. Move pèsekisyon te suiv Joseph ak Sen yo nenpòt kote yo te tabli. Nan 27 Jen 1844, Joseph ak frè l la Hyrum te pase anba mati nan Carthage, Illinois, nan Etazini Damerik.

Ekriti Pwofèt Joseph Smith te pote

Joseph te tradui kèk pòsyon nan plak lò yo zanj ki rele Mowoni an te ba li, epi tradiksyon an te pibliye an 1830 kòm Liv Mòmon an. Li te resevwa anpil revelasyon tou nan men Senyè a ki trase doktrin fondamantal ak òganizasyon Legliz la. Anpil nan revelasyon sa yo konpile nan liv ki rele Doktrin ak Alyans yo. Se limenm tou ki te fè aparisyon Pèl Gran Pri a, ki gen tradiksyon enspire yon pati nan ekriti Moyiz, Abraram, ak Matye, kèk pati nan istwa pèsonèl ak temwayaj li, epi trèz atik doktrin ak kwayans Legliz la genyen.