Vòl, vòlè Lè yon moun pran bagay yon lòt moun dezonètman oubyen ilegalman. Senyè a te toujou kòmande pitit Li yo pou yo pa vòlè (Egz. 20:15; Mat. 19:18; 2 Ne. 26:32; Mozya 13:22; D&A 59:6). Rasanble trezò nan syèl la pou tèt pa w, kote vòlè pa kapab kase ni vòlè, Mat. 6:19–21. Nefit yo te dewoute poutèt lògèy yo, richès yo, anvayisman ak vòl, Ela. 4:12. Yon moun ki vòlè epi ki pa repanti, y ap chase l, D&A 42:20. Moun ki vòlè, y ap lage yo nan men lwa peyi a, D&A 42:84–85.