Lèp Yon fòm maladi po terib yo te pale souvan nan Ansyen ak Nouvo Testaman yo. Li te aflije anpil moun popilè pou yon tan, pami yo, Moyiz (Egz. 4:6–7), sè li a, Mari (Nonb 12:10), Naaman (2 Wa 5), epi Wa Ozyas (2 Kwo. 26:19–21). Jezi te geri lèp nan plizyè moun, Mat. 8:2–4 (Mak 1:40–45; Lik 5:12–15; 3 Ne. 17:7–9). Jezi te geri dis lepre, Lik 17:11–19.