Cheriben Konparezon ki reprezante kreyati selès yo, men moun pa konnen fòm egzat la. Cheriben yo te resevwa apèl pou pwoteje kote ki sakre. Senyè a te mete cheriben pou pwoteje pyebwa lavi a, Jen. 3:24 (Alma 12:21–29; 42:2–3; Moyiz 4:31). Gen reprezantasyon senbolik cheriben ki te plase nan fotèy mizèrikòd la, Egz. 25:18, 22 (1 Wa 6:23–28; Ebre 9:5). Gen ekriti konsènan cheriben yo nan vizyon Ezekyèl la, Ezek. 10; 11:22.