Nebikadneza
Nan Ansyen Testaman an, wa Babilòn nan (604–561 anvan Jezikri) ki te soumèt Jida (2 Wa 24:1–4) epi li te boule Jerizalèm (2 Wa 24:10–11). Pwofèt Leyi te gen kòmandman pou l sove kite Jerizalèm apeprè nan 600 anvan Jezikri a pou l te evite tonbe nan kaptivite anba Babilòn (1 Ne. 1:4–13) lè Nebikadneza te pote Wa Sedesyas ak pèp la ale a (2 Wa 25:1, 8–16, 20–22). Danyèl te entèprete rèv Nebikadneza a (Dan. 2; 4).