Ismayèl, pitit gason Abraram Gade tou nan Abraram; Aga Nan Ansyen Testaman an, yon pitit gason Abraram avèk Aga, bòn Ejipsyen Sara te genyen an (Jen. 16:11–16). Senyè a te pwomèt Abraram ak Aga ke Ismayèl t ap vin tounen papa yon gwo nasyon (Jen. 21:8–21). Alyans lan te pase nan Izarak pase Ismayèl, Jen. 17:19–21 (Gal. 4:22–5:1). Bondye te beni Ismayèl pou l te kapab vin pwodiktif, Jen. 17:20. Ismayèl te ede nan antèman Abraram nan, Jen. 25:8–9. Yo te bay douz pitit gason Ismayèl yo non, Jen. 25:12–16. Ismayèl te mouri, Jen. 25:17–18. Ezayu te marye avèk Maalat, pitit fi Ismayèl la, Jen. 28:9.