Yon pyebwa nan Jaden Edenn nan, nan paradi Bondye a (Jen. 2:9 ; Apok. 2:7 ). Nan rèv Leyi a, pyebwa lavi a reprezante lanmou Bondye epi yo pale de li kòm pi gran don nan tout don Bondye yo (1 Ne. 8 ; 11:21–22, 25 ; 15:36 ).
Leyi te wè pyebwa lavi a, 1 Ne. 8:10–35 .
Nefi te wè pyebwa papa l te wè a, 1 Ne. 11:8–9 .
Ba fè a kondi moun nan pyebwa lavi a, 1 Ne. 11:25 (1 Ne. 15:22–24 ).
Yon gouf tèrib separe mechan yo avèk pyebwa lavi a, 1 Ne. 15:28, 36 .
Dwe gen yon fwi defandi ki opoze avèk pyebwa lavi a, 2 Ne. 2:15 .
Vin jwenn Senyè a epi manje nan fwi pyebwa lavi a, Alma 5:34, 62 .
Si premye paran nou yo te manje nan fwi pyebwa lavi a, yo t ap mizerab pou tout tan, Alma 12:26 .
Si w pa nouri pawòl la, ou p ap janm kapab keyi fwi pyebwa lavi a, Alma 32:40 .
Senyè a te plante pyebwa lavi a nan mitan jaden an, Moyiz 3:9 (Abr. 5:9 ).
Bondye te fè Adan soti nan jaden Edenn nan pou l pa manje nan fwi pyebwa lavi a, pou l pa viv pou tout tan, Moyiz 4:28–31 .