Malad, Maladi Lè yon moun pa genyen sante. Nan ekriti yo, kèk fwa, maladi fizik sèvi kòm yon senbòl pou yon mank sante espirityèl (Eza. 1:4–7; 33:24). M te tande priyè w, m te wè dlo nan je w yo: se poutèt sa m geri w, 2 Wa 20:1–5 (2 Kwo. 32:24; Eza. 38:1–5). Jezi te mache geri tout kalite maladi, Mat. 4:23–24 (1 Ne. 11:31; Mozya 3:5–6). Moun ki byen yo pa bezwen doktè, men se moun ki malad, Mat. 9:10–13 (Mak 2:14–17; Lik 5:27–32). Si nenpòt moun nan pami w malad? Li dwe rele ansyen yo, Jak 5:14–15. Kris la pral pote doulè ak maladi pèp li a, Alma 7:10–12. Jezi te geri tout malad nan pami Nefit yo, 3 Ne. 26:15. Nouri malad yo avèk tandrès, remèd fèy, epi manje lejè, D&A 42:43 (Alma 46:40). Toujou sonje malad yo ak aflije yo, D&A 52:40. Mete men w sou malad yo, epi y ap geri, D&A 66:9.