Pitit Kris yo Gade tou nan Fèt ankò, fèt nan Bondye; Jezikri; Pitit gason ak pitit fi Bondye; Pitit literal Moun ki aksepte levanjil Jezikri a. Nenpòt moun ki imilye tèt li tankou timoun piti sa a, li se pi gran an, Mat. 18:1–4. Kwè nan limyè a pou w kapab vin tounen pitit limyè a, Jan 12:36. Wete moun natirèl la sou ou epi vin tankou yon timoun, Mozya 3:19; 27:25–26. Poutèt alyans la y ap rele w pitit Kris yo, Mozya 5:7. Si w anbrase tout bagay ki bon, w ap vin tounen yon pitit Kris la sètènman, Mowo. 7:19. Tout moun ki resevwa m, m te ba yo pouvwa pou yo tounen pitit mwen, D&A 39:4. Pa pè, ti pitit mwen yo, paske se pou mwen w ye, D&A 50:40–41. Ou se youn nan mwen, yon pitit gason Bondye, Moyiz 6:68.