Gouvènman Gade tou nan Konstitisyon Lè Jezikri retounen, L ap tabli yon gouvènman jistis. Gouvènman an ap sou zèpòl li, Eza. 9:6 (2 Ne. 19:6). Bay Seza bagay ki pou li, Mat. 22:21 (D&A 63:26). Soumèt devan gran otorite yo, Wom. 13:1. Priye pou wa yo ak tout moun ki gen otorite, 1 Tim. 2:1–2. Soumèt ou devan otorite, ak pouvwa epi ak majistra yo, Tit 3:1. Soumèt ou devan chak òdonans lèzòm poutèt Senyè a, 1 Pyè 2:13–14. Jezikri ap sèl gouvènè sou tè a, Apok. 11:15. Lonmen moun ki jis pou wa w, Mozya 23:8. Fè afè w avèk vot pèp la, Mozya 29:26. Kris ap gouvènè w lè l vini, D&A 41:4. Yon moun ki respekte lwa Bondye yo, li pa gen nesesite pou l vyole lwa peyi a, D&A 58:21. Lè moun mechan ap gouvène, pèp la plenyen, D&A 98:9–10. Bondye tabli gouvènman yo pou benefis limanite, D&A 134:1–5. Lèzòm dwe aksepte ak soutni gouvènman yo, D&A 134:5. Nou kwè nou dwe soumèt nou devan wa yo, prezidan yo, gouvènè yo, ak majistra yo, AL 1:12.