Travay misyonè Gade tou nan Levanjil; Preche Pataje levanjil Jezikri a avèk pawòl epi avèk egzanp. Pye moun ki pibliye sali a pral bèl anpil sou mòn yo, Eza. 52:7. M pral chèche brebi m yo epi m pral chèche konn kote yo ye, Ezek. 34:11. Preche tout kreyati levanjil la, Mak 16:15 (Mòm. 9:22). Jaden yo deja mi pou keyi, Jan 4:35. Epi kòman y ap fè preche si m pa t voye yo, Wom. 10:15. Anseye yo pawòl Bondye avèk anpil dilijans, Jakòb 1:19. Senyè a aksepte pou tout nasyon anseye pawòl li, Alma 29:8. Moun fèb ak moun senp yo kapab pwoklame levanjil la, D&A 1:23. Yon travay mèveye pral fèt, D&A 4:1. Si w travay pandan tout lavi w epi ou mennen yon nanm ban mwen, jwa w ap gran anpil, D&A 18:15. Eli m yo tande vwa m epi yo pa fè di, D&A 29:7. Ale preche levanjil mwen an, de pade, D&A 42:6. Son an dwe soti nan kote sa a, D&A 58:64. Louvri bouch ou pou w pwoklame levanjil mwen an, D&A 71:1. Pwoklame verite daprè revelasyon yo ak kòmandman yo, D&A 75:4. Chak moun ki te resevwa avètisman, li dwe avèti pwochen l, D&A 88:81 (D&A 38:40–41). Senyè a ap pran swen fanmi moun ki preche levanjil li a, D&A 118:3. Sèvitè Bondye yo gen pou yo ale, D&A 133:38. Lè ansyen ki fidèl yo kite lavi mòtèl la, yo pral kontinye travay yo, D&A 138:57.